Contact Us  |  Search: 
Nou Pale Lang Ou

Nan Sant Medikal Maimonides, li enpòtan pou nou bay bonjan swen dapre kilti malad ki pa pale angle byen yo. Youn nan priyorite nou yo se rann li fasil pou malad ki pa pale angle ak fanmi yo jwenn pi bon swen sante. Pou reyalize objektif sa a ak pou sèvi kominote nou an ki genyen plizyè diferan kilti ladan li, Sant Medikal la ap rekrite doktè, enfimyè ak anplwaye ki pale plizyè lang, sitou pou domèn swen pasyan yo. Nou kapab wè egzanp gwo efò sa a nan depatman ijans la. Paske vin genyen plis pasyan Chinwa, Ris, Panyòl, ak Arab nan depatman ijans la, kounye a nou genyen reprezantan malad ki pale plizyè lang vennkat sou vennkat, chak jou nan semèn nan ki la pou ede malad yo ak fanmi yo ki pale lang tankou: Arab, Chinwa, Tchèk, Alman, Grèk, Ebre, Endi, Italyen, Polonè, Ris, Panyòl, Ikrenyen, ak Yidich. Yo te kreye feyè ki bay enfòmasyon ak fòm enpòtan lopital la tou nan plizyè nan menm lang sa yo pou ede malad yo.

Genyen plis pase 60 lang anplwaye yo nan Sant Medikal la pale, epi yo itilize talan yo kote yo ofri sèvis entèprèt. Epi tou nou bay kat pou montre kote sèvis pasyan yo ye ak siy atravè Sant Medikal la pou asiste malad nou yo. Genyen enfòmasyon enpòtan ki enprime, tankou Deklarasyon Dwa Malad, enstriksyon sou Egzamen Avan Admisyon, Testaman, ak lòt enfòmasyon ki disponib nan plizyè lang tou. An plis, ou kapab itilize Liy Telefòn Antrepriz Pou Aprann Lang la pou jwenn sèvis entèprèt pa telefòn lè sa nesesè.
Enfòmasyon sou sèvis entèprèt

Enfòmasyon sou vi prive:
Enfòmasyon HIPAA sou vi prive
HIPAA pou enfòmasyon sou sante mantal
HIPAA pou enfòmasyon ki konsène VIH-SIDA

Enfòmasyon Finansyè:
Enfòmasyon sou kesyon finansyè moun poze souvan
Aplikasyon pou asistans finansyè

MAIMONIDES
MEDICAL CENTER


Home Page
Why Choose Us
Donations
Website Terms of Use
PATIENT
INFORMATION


Visitor & Patient Info
We Speak Your Language
Patient Privacy
Contact Us
KEY
INFORMATION


Find a Physician
Medical Services
Maimonides In the News
Directions & Parking
FOR HEALTH
PROFESSIONALS


Medical Education
Career Opportunities
Nurses & Physicians
Staff Intranet Access
SIGN UP FOR E-NEWS


HealthGradesAward
DONATE TODAY
Read More
Maimonides Medical Center    |    4802 Tenth Avenue    |    Brooklyn, NY 11219    |    718.283.6000